Commission Nationale
des Marchés Publics

La transparence dans la passation des Marchés Publics

Date de création : 03/28/2024

Yon panèl ki genyen nan tèt li Dr. Paul Farmer (anvwaye espesyal adjwen Nasyonzini ann Ayiti) prezante jedi nan Washington, DC yon evaliyasyon sitiyasyon an nan peyi Dayiti 2 zan aprè tranblemanntè a. Depi katye Jeneral Bank Mondyal la, nan kapital federal Etazini an, anvwaye espesyal adjwen Farmer, siyale efò k ap fèt atravè peyi a pou remete Ayiti kanpe sou plan nasyonal e rejyonal. Misye Farmer endike sou 6 milya dola asistans kominote entènasyonal la te pwomèt Ayiti apre katastwòf janvye 2010 la se sèlman 0.99 pousan nan èd ki dekese deja a k al jwenn gouvènman ayisyen an.

Dernière mise à jour: : 03/28/2024

Source : cnmp

Auteur : Coralie Saint-Louis VOA