Dat kreyasyon:
25-07-2012 00:00:00
Atelye Fo`masyon pou Manm Polis Nasyonal d Ayiti
Source:
cnmp
Direksyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ap o`ganize pandan 2 jou yon seyans fo`masyon pou polisye ki estasyone nan 4 depatman ki fòme Gran Sid la.
Objektif seyans fo`masyon sa a, se bay polisye yo konesans sou fason pou yo ranmase epi pataje enfo`masyon. Yon lo`t kote, direktè rejyonal Depatman Anviwonnman nan Plato Santral lanse yon pwojè ki pral kreye yon forè enèjetik nan vil Hench.
Klike sou ikon ki agoch la pou w koute devlopman 2 ouvèl sa yo avèk korespondan nou Jean Hernst Eliscar nan vil Okay epi Josué Joseph nan vil Hench.
Lotè:
Sèvis Kreyòl VOA
Dènye mizajou:
10-08-2012 15:32:13
Dat kreyasyon:
16-07-2012 00:00:00
Nouvo Lopital vil Mirebalais a pa lwen fini
Source:
cnmp
Yon panèl ki genyen nan tèt li Dr. Paul Farmer (anvwaye espesyal adjwen Nasyonzini ann Ayiti) prezante jedi nan Washington, DC yon evaliyasyon sitiyasyon an nan peyi Dayiti 2 zan aprè tranblemanntè a.
Depi katye Jeneral Bank Mondyal la, nan kapital federal Etazini an, anvwaye espesyal adjwen Farmer, siyale efò k ap fèt atravè peyi a pou remete Ayiti kanpe sou plan nasyonal e rejyonal.
Misye Farmer endike sou 6 milya dola asistans kominote entènasyonal la te pwomèt Ayiti apre katastwòf janvye 2010 la se sèlman 0.99 pousan nan èd ki dekese deja a k al jwenn gouvènman ayisyen an.
Lotè:
Coralie Saint-Louis VOA
Dènye mizajou:
10-08-2012 15:27:51